dimanche 5 mai 2019

Atik sa poste pa: Jeffnie Jean Louis a mai 05, 2019
Rezime



1. Nan rapò sa a, Seksyon Dwa Moun MINUSTAH ak Wo Komisarya Dwa Moun (SDH),
prezante epi analize eleman ki pi enpòtan yo sou sitiyasyon dwa moun nan peyi Dayiti, soti jiyè
2014 rive jen 2015. Rapò sa a vini apre yon lòt rapò ki te fèt soti janvye pour rive jen 2014, ki te
pibliye nan mwa desanm 2014.1
2. Pami devlopman ki pi enpòtan pandan lane a nou ka di se pwomilgasyon ak piblikasyon
dekrè elektoral 2 mas 2015 la ki fèt pa Prezidan Repiblik la, aprè sa te vini genyen piblikasyon
kalandriye elektoral la ki planifye premye tou eleksyon pou Palman an. Peyi Dayiti vini fè pati
pwotokòl fakiltatif sou konvansyon dwa timoun ki gen rapò ak vann timoun, prostitisyon timoun
epi pònografi ki mete imaj timoun. Komite dwa moun nan Nasyonzini te chache kompran Rapò
inisyial Ayiti ki pale sou sa ki fèt pou aplike Pak entènasyonal sou dwa sivil ak politik yo. Sete
okazyon pou yo te remèt wityèm ak nevyèm rapò peryodik sou aplikasyon konvansyon ki pale de
mwayen pou kaba tout diskriminasyon kap fèt sou fanm. Leta Ayisyen te kontinye kolaborasyon
ak pwosedi espesyal yo jan yo tabli pa biwo konsèy dwa moun : li te resevwa 2 fwa Ekspè
Endepandan sou sitiasyon dwa moun nan peyi Dayiti epi yon visit rapòtè espesyal sou moun ki
deplase nan peyi yo.
3. Prizon yo vinn gen plis moun pandan peryòd sa, sa ki agrave yon sitiasyon ki te deja
konplike anpil, sa nou ka konsidere tankou tretman sovaj e imilyan ki pa fet pou moun.
2 Sistèm
jistis la ki ap mal mache ak anpil arestasyon gwoponyet se kèk bagay ki lakoz sitiasyon sa a kap
vini pi grav chak jou depi lane 2004. Jouk kounye a jefò otorite yo pa sifi pou rezoud pwoblèm
nan. Kote ki disponib pou prizonye yo nan tout prizon ki nan peyi a 8 fwa pi piti ke sa li ta dwe
ye, epi plas mwayen ki disponib pou chak grenn prizonye se 0,55 mèt kare. Enfòmasyon sa yo
valab pou 17 prizon ki sou kont DAP e chif sa yo pa konsidere moun kap tann jijman e moun ki
kondane ke yo kenbe nan komisarya yo.
4. SDH te swiv anpil dosye kote ta sanble yo akize moun ki nan Leta yo ki itilize lafòs andeyò
lalwa ki lakoz lanmò nan plizyè ka malgre lalwa di nan ki sikonstans ra fòs lòd yo ka itilize lafòs
takou zam yo. Komite dwa moun gen gwo tèt chaje paske gen anpil moun ki mouri ke fòs lòd yo
touye. Pandan peryòd la gen anpil lòt zak tou kote yo akize moun ki nan Leta yo ki itilize lafòs
andeyò lalwa menm lè se pa avèk zam tankou maspinay oubyen arestasyon abitrè. Komite dwa
moun ak SDH panse malgre anpil jefò Enspeksyon jeneral lapolis la fè nan kominikasyon ak
transparans, biwo sa pa bay anpil mwayen pou yo ta mennen bon jan ankèt sou zak asasinay ke
ajan PNH yo fè.
5. Lajistis trennen anpil nan dosye ki gen akizasyon krim politik ki fèt nan tan pase tankou
nan dosye Duvalier, Aristide oubyen dosye assasinay sou jounalis Jean Léopold Dominique, sa
montre feblès oubyen ministè piblik ki manke volonte pou mennen ankèt epi sa ankouraje
enpinite. Komite dwa moun nan gen gwo kè kase pou fason pwosè kont Mesye Duvalier ap
trennen epi li mande Leta pou li kontinye ankèt la epi mennen devan lajistis tout moun ki
responsab vyolasyon grav epi bay viktim yo bon jan reparasyon.
6. SDH resevwa plent epi li travay sou anpil ka vyolans ak diskriminasyon yo fè sou moun ki
pi fèb nan popilasyon an tankou fanm, timoun, moun ki massisi, madivin, jounalis yo ak defansè
dwa moun yo. SDH ap poze tèt li kesyon sou bon mwayen ak volonte otorite yo genyen pou trete
dosye yo jan lalwa prevwa sa.
7. Gen yon sitiasyon tèt chaje ki pase sou fwontyè Ayiti ak Repiblik Dominiken kote plizyè
milye moun ki gen zantray yo nan peyi Dayiti oubyen leta dominiken di se Ayisyen yo ye, otorite
dominiken yo voye tounen nan peyi Dayiti oubyen yo tounen poukont yo. Sitiasyon sa rive apre
yon desizyon Lakou Konstitisyonèl Dominiken te pran. Timoun ki fèt nan peyi Repiblik
Dominiken ki gen paran ki pa gen bon papye yo pap ba yo nasyonalite dominiken. Apre desizyon
sa, yo retire nasyonalite dominiken 210 000 moun ki gen zantray yo nan Peyi Dayiti. Daprè
gouvènman dominiken, 524 000 etranje kap viv Repiblik Dominiken pa gen bon papye epi anpil
nan yo se ayisyen. Anpil kè kase sou kapasite Ayiti pou li reponn ak bezwen imanitè moun sa yo
lè yo tounen nan peyi a. Pwoblèm enstitisyonèl yo oblije moun sa yo viv nan move kondisyon.
Apre pwoblèm ki genyen sou fwontyè Repiblik Dominiken, SDH gen gwo kè kase lè lap gade
feblès peyi Dayiti pou rive ede moun ki depòte yo ki soti nan peyi Bahamas, Etats Unis ak Iles
Turques et Caïques, bagay sa a rive plis ayisyen akoz ke lòt peyi nan rejyon an gen yon politik
bout di nan zafè imigrasyon.
8. Rapò sa a te voye bay gouvènman avan li pibliye pou yo te ka di mo pa yo.

Rekòmandasyon

9. Lè nap gade anpil pwoblèm pou fè respekte dwa moun ki di nan rapò sa a, menm jan ak
anpil lòt rapò tankou Biwo Entènasyonal ak rejyonal yo ak Ekspè Nasyon Zini, SDH rekòmande :
a. Pou Leta Ayisyen mande sipò Wo Komisarya Dwa Moun ak MINUSTAH, Nasyon
Zini, Kominote Entènasyonal la ak lòt òganizasyon dwa moun yo pou ka fè respekte
rekòmandasyon ke yo te fè li yo tankou biwo Konsèy Dwa moun, biwo ki okipe Trete
yo, Ekspè Endepandan sou sitiasyon dwa moun nan peyi Dayiti ak lòt biwo yo ;
b. Pou Leta mande sipò pwosedi espesyal yo jan yo tabli pa biwo konsèy dwa
moun tankou Gwoup ki travay sou zafè detansyon abitrè, Rapòtè espesyal sou
tretman sovaj e imilyan ki pa fet pou moun ak Rapòtèz Espesyal ki okipe de zafè
endepandans jij, avoka, nan jefò lap fè pou lite pou gen mwens moun nan prizon epi
pou moun pa rete anpil nan prizon san yo pa jije ;
c. Pou Leta Ayisyen fè plan pou li vini manb Konvansyon kont maspinay ak move
tretman menm jan ak Pwotokòl fakiltatif ki mete sou pye sistèm pou voye je gade nan
prizon yo ak komisarya yo, yon fason pou yo ampeche yo fè maspinay ak move
tretman sou prizonye ak moun ki pèdi libète yo ;
d. Pou Leta Ayisyen mande sipò rapòtè espesyal sou promosyon la verite, lajistis,
reparasyon ak garanti pou sa pa fèt ankò pou yo ka travay sou bon jan mezi ke lajistis
epi lòt biwo yo ap gen pou pran yon fason pou yo ka travay sou gwo vyolasyon dwa
moun ki te fèt nan tan lontan tankou sa ki te fèt yo sou prezidans Mesye Duvalier.

0 Kòmantè:

Enregistrer un commentaire